NOUKONSYAN-Kondanasyon zak kriminèl ki pase nan lokalite Jandeni an
Òganizasyon sosyopolitik NOUKONSYAN aprann ak anpil doulè ak gwo endiyasyon nouvèl trajedi ki frape popilasyon Jandeni, nan depatman Latibonit, kote plizyè sitwayen inosan tonbe, viktim anba zak kriminèl gang ame Gran Grif Savien an nan lannwit samdi 28 pou rive dimanch 29 mas 2026.
Nan moman difisil sa a, NOUKONSYAN ap prezante senpati l ak solidarite l bay tout fanmi ki pèdi pwòch yo, tout moun ki blese, ansanm ak tout kominote Jandeni an ki anba laterè gang ame yo.
Nou pataje doulè pèp la epi kondane ak tout fòs nou krim san parèy sa yo ki kontinye ap simen lanmò, detwi lavi moun epi mete plis lapèrèz nan mitan popilasyon an.
Òganizasyon NOUKONSYAN ap denonse nan dènye nivo atak sanglan gang Gran Grif Savien k ap fè lalwa ak simen latwoublay depi plizyè ane nan zòn Balatibonit ...

